Yon Atik sou 23 zan Sèvis Kreyòl Lavwad Lamerik la

SEVIS KREYOL  LAVWAD LAMERIK

        Bri kouri nouvèl gaye .Toupatou nan lemond  antye . Tout moun tande l, an amerik rive jouk o ziltik.Se yon pwogram kote zonbi goute sèl li pa mande rete  sitou li rantre nan nannan tout koze ki ka enterese tout pèp sou latè beni ki pale kreyòl. Anndan Sèvis Kreyòl Lavwad Lamerik la se kreyòl pale kreyòl konprann. Se yon gwo kout lanbi ki kònnen chak jou Bondye mete pou voye près ayisyèn lan monte pi wo e menm fèl janbe dlo . Kreyolofòn oswa apranti toupatou di l e sitou yo fè l konfyans pou kalite enfòmasyon nan bon jan ti mamit,klè kou dlo kokoye,li toujou lage nan gagann tout èt vivan ki swaf ti koze kreyòl ki detaye sou de chèz.

 

      Se pa pou dat depi zòt te ti kat kat t ap grandi pou vin pi wo.Oswa depi lè ti granmoun ayè tap fimen tabak pou pouse lafimen kachimbo yo byen wo.Ou di mwens depi lè timoun pòtoprens te konn desann nan pwovens kou wè vakans fè sa l mete pye . Tankou yo te konn monte lan tèt dlo pa bò lakay, pouse monte kouto digo pou keyi kokoye ki kanpe dyanm nan tout savann. Tankou listwa pwa kongo ak pitimi an ayiti, kise koupe dwèt menm jan ak tontonm ak kalalou gonmbo nan jeremi. Osinon voye monte diri ak lalo nan Gonayiv ki fè vant ti nèg rèd kou po tanbou k ap padap padap tout la sent jounen nan gran lakou. Osinon ochan k ap soti nan bouch peyizan nan konbit pou monte tèt mòn anba flanm solèy peyi Dayiti pou al tonbe jouk nan zorèy zòt yo. Sa fè yo bwase ren yo depi anba monte monte, monte san rete. Se yon dividal istwa ki potre tèt koupe san tyas ak wòl , enpotans sèvis kreyòl Lavwad Lamerik la nan fè kè moun  louvri pi gran ke baryè ladwonn pou apresye chak jou pi plis près Ayisyèn lan. Se konsa li voye l monte jouk kote anpil moun pa ta panse. E malgre wotè a depi nouvèl la tonbe tout moun atrap li nan de zorèy yo.

 

     Yo ta di w ou pa ta kwè men  lè se de zorèy ou k ba w, anverite pa gen kwèdèk.An ayiti gen moun ki di : <<depi yo pa tande sèvis kreyòl la se kòm si solèy pat leve sou peyi a. >> Gen lòt moun ki di : <<lè solèy pa leve sou peyi a se chalè sèvis kreyòl la pran nan lè a ki rechofe tout venn yo. >>  Yon lòt dènye gwoup moun di :<<lè solèy dayiti dis bras kote ou pa ta fouti janbe teras pou al menm chache yon ti kalbas dlo pou ta wouze le kò timoun yo.Yon solèy ki pa manje anyen k frèt ou ta di solèy la k ap desann pou vinn bobo tè a , ou ta di lougawou Latibonit, yon minit apre minwi k ap taye banda yo nan lari. Sa vle di si tèlman solèy la griyen dan l nan tèt mòn yo se boukannen moun ap boukannen; pou yo se sèvis kreyòl Lavwad Lamerik ki releye pa anpil media nan peyi dayiti ki lage yon ti fredi Washington nan degwenn yo.Yo menm di li fè tout media yo souke kò yo ak bon son tonton!>> Kesyone tout kote pou konn si se vre sa yo di yo. Tout lapopilas deklare ke Sèvis Kreyòl Lavwad lamerik la fè près Ayisyèn lan taye banda tout kote l rive, sonnen nan tout zorèy,e leve tèt li,kale je l dwèt nan je zòt sou konn de matlòt. Depi radyo sa a nan lè a ak sèvis sa a, tanperati a chanje tout  kote sou latè beni , ozetazini, an ayiti e menm kote ki lwen isi. Se pa ti zafè , yo di l renmen fè wè . Antouka ki bagay klè ou pa ka wè? Kreyòl pale kreyòl konprann!

 

    Anndan sèvis sa a vwa mesye dam yo klè sou konn wosiyòl sou pye kowosòl owa tankou anatòl ka p defile lan batèm fiyòl an respektan tout pwotokòl.Yo di  se fabrike ,jounalis tankou Mari Lis ak lot ankò bay fabrike bèl kokennchenn vwa sa a pou yo. Sa fè yo tounen  ti chouchou tout moun menm lè yo poko kwaze yo de visaj. Tout oditè swete yon jou kwaze bab pou bab,vwa pou vwa ,de je kontre manti kaba ak pakèt lejandè sa  yo ,ki enpe lwen tè kote lonbrik yo te koupe depi anvan reny Divalye. Vwa fanm ak gason sa yo ki pa pote pantalèt yo pou bèl twèl men pou yo bay bon nouvèl ak lòt ankò pou fè près ayisyèn lan vanse e jwenn respè nan lemond antye makonnen vwa yo sou konn de marasa ak Lavwad Lamerik e fè tout moun di krik. Jodi a tout moun ka chante tankou pipirit ou di mwens tankou peyizan nan konbit nan diri Latibonit pase nan Rankit kote ti madanm toulejou ak gwo bokinit dyannikit ,rive jouk nan altouboutou kote kouzen gade zannimo,bouske toulejou ti pwad jous  pou fè yon ti bouyon patat dous pou klowòs pa blanchi trip ti bebe e  menm fanm gwòs ki jouk lajounen jodi kage sou do pou tann nòs . Podyab ki toujou kwè ke nan linyon li ka jwenn fòs . Antouka linyon sa a menm si li pa tout kote ,gen kèk kote l manifeste paske se linyon anpil media ayisyen ak Sèvis Kreyòl Lavwad Lamerik la ki ba près Ayisyèn lan gran fòs li genyen jodi sila a.

 

    Nan tout rakwen depi rataka w fe kaw lan ginen tande l,ti koze lòt bò dlo tonbe lan de pla men w san w pa bezwen janbe la a Sendomeng alevwa jisko Zend. Li fè n chanje tanperati menm lè lanati ap tèk tègèdèk. Li fè nou fè espò, nou menm rive swe san nou pa bezwen abiye monte teren. Nou tande pale de jistis USA , sa fè nou diferan e l fè gran diferans. Pesonn pa ta fouti bliye konkou Sèvis Kreyòl la nan ede lavi timoun chanje toupatou.Timoun yo di: <<Nou renmen sèvis kreyòl la .>> Poze keksyon pou konn pou kisa ?Yap di w paske li pale yon pawòl. Ale pi lwen pou konn ki pawòl?Y ap reponn ou : << nou se timoun,depi nou di ou pawòl, ou deja konprann ,oo, kreyòl pale kreyòl konprann.>> An kreyòl yon senp ti mo sifi. Ou pa bezwen nan anpil tilititi, chapo pwenti, midi a katozè, fouye zo nan kalalou; Paske, kreyòl pale kreyòl konprann. Tankou vwazen an di ayè : <<Sèvis kreyòl la voye près ayisyèn lan wo ti papa; sèvis sa a se yon wobo. Monchè li merite anpil gwo kout chapo. Ane sa a fè l 23 zan. Se pa Sèlman bòn fèt men tou se pou n fete l dyanm.>>

 

   Ann koute yon ti koze ki ka fè nou ri men se pa yon blag : depi m te tou piti m ap tande Sèvis Kreyòl Lavwad Lamerik k ap chifonnen paj listwa avèk Ronal Sesa;konsa te gen yon keksyon k t ap takinen lespri m.Yon jou jou kou jodi a m te deside poze papa keksyon sa a, konsa: M pa ka konprann kouman fè depi yap pale de Abraam Linkòl Franswa Divalye oswa tandòt ki fè vwèl pou peyi san chapo depi lè ti konkonm tap goumen ak berejèn, yo toujou di yon jou kou jodi a ? Papa reponn:<< ko t sa sa w pa ka konprann lan: kreyòl pale kreyòl konprann.>> Men sa pa ret la , m tonbe fouye zo sèt fwa si se pa nan kalalou men pito nan zo bwa tèt papa. M mande l ankò: ki gwosè liv listwa sa ye pou l rive kenbe tout koze sa yo? Li reponn:<< Li tèlman piti menm lan tèt ou w ka pote , li tèlman gran li menm twò lou pou planèt la>> Sou w kwè m manti mande Jak Jan Batis. M di l ankò, m pa konprann ou di m mande Jak , sa sa vle di? Li reponn: <<depi w ap tande Jak jan Batis nan sèvis sa a konnen  kreyòl pale kreyol konprann. Apre m di papa : yon lòt keksyon.Toro a di:<<gade ti gason ou fouye kont twop>> Apre sa li di m: antouka pale m ap koute w. M di l konsa: Gwo liv listwa sa a ; si nan chifonnen paj yo oswa timoun maledve yo ou di mwens gwo zotobre yo ta deside efase kèk bagay ki pa mache ak santiman yo; Sèvis Kreyòl la pap ka bay koze sa  yo non? Mouche reponn mwen:<<Ti gason kreyon listwa pa gen gòm.>> Sèt fwa si, m santi m bouke ak parabòl papa ,men kòm se yon ti landeng m pèsiste pou m konn sa pawòl sa yo vle di.

 

           Apre papa gade m li di m: Si ou ta renmen konn anpil koze nan lang manman w ak papa w ; koute, Leonèl demarak, Jaklin Belizè, Cheribin Dòsil, Ronal Sesa, Jak Jan batis, Mari lis  ak  lòt ankò, yon seri gwo  jounalis nan sèvis kreyòl Lavwad Lamerik la. Konsa w ap gen bon nouvèl sou mond lan ak bon son ! Li Ka fè w vin onèt kote chak chak jou se yon fèt . Misyon li se; enfome w nan bon jan ti mamit. Li ka fè w aprann , konprann.. Se pa ti kontribiye li kontribiye nan fè Près Ayisyèn lan kanpe dyanm jan ou wè l la.Li fè chèlbèl ak bon  son . Sèvis Kreyòl lavwad lamerik bay nouvèl , repotaj espesyal ak pwogram mizik twa fwa pa jou pandan semen lan e de fwa pa jou nan samdi ak dimanch.Se li ka fè l. Sèvis kreyòl Lavwad Lamerik trè veridik ,li pa ipokrit se sa k fè l benyen kè près ayisyèn lan ak yon pakèt fanatik.Si ou ta vle fè yon ti kritik,pa bliye ba Seza sa k pou Seza e ba Jezi Sa k pou Jezi. Sèvis kreyòl la pa gen  tankou l, se pou sa tout moun vle di l bon  fèt e kenbe rèd  Pa moli sitou kontinye bay bon son tonton!Sèvis Kreyòl Lavwad Lamerik la se Kreyòl pale,Kreyòl konpran .Jean Hervé JUPITER



29/10/2009
0 Poster un commentaire

Inscrivez-vous au blog

Soyez prévenu par email des prochaines mises à jour

Rejoignez les 135 autres membres